|
|
 |
ISTWA AYISYEN KATOLIK YO NAN LONG ISLAND
HISTORY OF THE HAITIAN-AMERICAN CATHOLICS ON LONG ISLAND
L’HISTOIRE DES HAÏTIENS-AMÉRICAINS CATHOLIQUES À LONG ISLAND
ISTWA AYISYEN KATOLIK YO NAN LONG ISLAND (Creole)
Ayisyen-Ameriken kòmanse vini nan long Island depi plis ke 30
an. Ou jwenn yo simaye nan zòn Elmont, Uniondale Hempstead,
Baldwin Westbury, Freeport, Wyandanch, Huntington Station,
Greenlawn, Brentwood, Central Islip, Bayshore ak anpil lòt zòn
ankò. Anpil nan yo, anvan yo te vini nan Long Island, te rete
nan tout zòn New York la kote yo te deja jwenn chans pou yo te
viv lafwa katolik yo nan lang yo ak kilti yo. Menm apre yo
vinn abite nan Long Island, anpil kontinye retounen kote yo te
rete-a pou yo ka jwenn sèvis relijye yo tankou sakreman yo,
gwoup priyè, etc, nan lang yo. Se konsa, piti piti, nesesite
pou tabli yon kominote kote yap viv la pouse yo reyini: yo
kòmanse fòme gwoup priyè lakay yo, òganise mès ak fèt yo
abitye fete.
Konsa, an jiyè 1979, you gwoup Ayisyen-Ameriken, ki te soti
plis nan zòn nò an Ayiti te òganize you premye mès pou fèt
Sent Ann nan Brentwood. Depi lè sa kominote Ayisyen ki abite
nan zòn nan adopte pawas Ste Ann kòm pawas yo e yo te kontinye
òganize lapriyè kay en kay.
An jiyè 1983 Kominote Ayisyen nan Westbury te òganize premye
mès yo nan Chapèl St Brigid ki nan lekòl la. Nan ane 1985, te
vinn gen youn dyak Ayisyen nan Dyosez la. Li te sèvi nan pawas
St Ann nan Brentwood epi li te konn ede pawas ki nan lòt zòn
yo lè gen batèm ak maryaj. Dyak sa a te ede jis nan ane 1991.
Nan ane 1984, kominote Ayisyen nan zòn Huntington te kòmanse
you gwoup priye lakay youn ladan yo epi yo vinn kontinye
lapriye a nan St Hugh nan Huntingon ak St Francis nan
Greenlawn. Bò 1987, you lòt gwoup nan Uniondale kòmanse ak
reyinyon priyè lakay yo epi yo vinn nan St Matha nan uniondale
ak nan Notredam Loreto ki nan Hempstead.
Ant ane 1985 rive 1990 kominote Aysyen yo nan tout zòn sa yo
te kontinye òganize mès tanzantan nan gran okazyon yo ak pè ki
te de pasaj epi yo te konn al chache pè Ayisyen nan Brooklyn
ak lòt kote. Nan Hempstead, pè Joseph Ramon ki te soti panama
epi ki te konn debouye l an franse te konn fè mès pou pawasyen
yo nan Uniondale ak Hempstead.
An Janvye 1990, pa lantremiz biwo ki okipe Katolik nwa yo,
Monseyè John McGann te nonmen Pè Moïse Aime, premye pè Ayisyen,
pou sèvi kominote Ayisyen an nan Long Island. Pè Moïse,
rasanble tout gwoup sa yo ki te genyen nan diferan zòn yo, li
devlope yon chapant ki te pèmèt li sèvi diferan kominote yo
kit nan Nassau, kit nan Suffolk. Nan menm ane a, an 1990, Pè
Peter Ryan, ki te kire nan pawas St Bonifas nan Elmont, te
mande Pè Moïse pou l mete moun Elmont yo nan plan tou. Konsa
depi Janvye 1990, te vinn gen lamès chak semen nan Nassau nan
Legliz St Brigid ki nan Westbury ak nan Suffolk nan Legliz St
Ann ki nan Brentwood. Te gen mès tou 2 fwa chak mwa nan St
Martha ki nan Uniondale, Yon fwa chak mwa nan St. Hugh ki nan
Huntington . Apre dezan konsa te vinn gen lamès tou yon fwa
chak mwa nan Vyej Mirak ki nan Wyandanch.
Lè nou rive nan ane 1993, Monsenyè John Mc Gann te rekonèt
Apostola Ayisyen kòm you ministè pou ki kanpe pou sa l ye. Se
konsa te vinn gen yon Biwo Dyosezen pou Kominote Ayisyen nan
Dyosèz la. Se tout moun nan diferan pawas yo ki te pote kole
amba direksyon Pè Moïse yo ki te fè sa posib. Nan menm ane
1993 la, Pè Moïse te chwazi Maryse Emmanuel-Garcy kòm asistant
l pou zafè administrasyon Apostola a. Nan desizyon sa a , Pè
Moise, te wè nesesite pou layik yo pran plas yo tou kòm lidè.
Nan ane 1994 , yon Ayisyen te vinn ap sèvi pawas li kom
“trustee” nan pawas Anfan Jezi ki nan Woodbury.
Depi 1990 rive 1997 daprè orè Pè Moïse te tabli a, li te
kontinye sevi tout kominote yo pou kont li pou lamès, antèman,
mariaj, konsèy ak tout kalite lòt sèvis.
Nan ane 1997, ak travay Biwo dyosezen an, Monsenye McGann te
bannou mwayen pou gen twa lòt pè Ayisyen pou sèvi kominote a
nan pawas yo. Konsa Pè Moïse ak Maryse E.Garcy vinn konsantre
travay yo pou devlope Apostola Ayisyen an pi byen toujou nan
dyosez la. Koulye a gen senq mès Ayisyen chak dimanch nan
dyosèz la.
HISTORY OF THE HAITIAN-AMERICAN CATHOLICS ON LONG ISLAND
Haitian-Americans have been in the Diocese of Rockville Centre
for over thirty years. Many live in the areas of Elmont,
Uniondale, Baldwin, Hempstead, Westbury, Wyandanch, Huntington
Station, Greenlawn, Brentwood, etc. At first, the
Haitian-Americans lived in the Tri-State urban areas where
they had the opportunity to practice their Catholic faith in
their native language and culture. In fact, even after moving
to Long Island, many commuted long distances at times to live
their Catholic faith or to fulfill the need of a religious
service in their culture, (Sacraments, masses, prayer, etc).
Gradually, it became important to establish a community closer
to home. This situation led to the formation of home based
prayer groups, devotional celebrations, occasional Masses
during the year in different parish communities.
Consequently, in July of 1979, a group of Haitian-Americans
mostly from the Northern part of Haiti, because of their
special devotion to Saint Anne, organized their first Mass for
the feast of Saint Anne in Brentwood. Since then, the
Haitian-Americans in the area, whether they resided in the
parish boundaries of St. Patrick in Bayshore or St. Luke in
Brentwood or St. John of God in Central Islip, adopted Saint
Anne’s Church as their parish.
In Westbury, the Haitian Community had their first Mass
celebrated at St. Brigid Chapel in the school building in July
of 1983.
In 1985, a first Haitian-American was ordained Deacon for the
Diocese. He served in the Parish of Saint Anne in Brentwood
and assisted other parishes with weddings and baptisms in
Creole and French up to 1991.
In 1986 the Haitian Community in Huntington started with a
home based prayer group and later on settled at St. Hugh of
Lincoln Church in Huntington Station and at St. Francis of
Assisi Church in Greenlawn.
Around 1987, another group of Haitian-Americans initiated
prayer meetings in their homes in Uniondale and eventually
settled at Saint Martha Church in Uniondale and at our Lady of
Loretto Church in Hempstead.
Between 1985 and 1990 Creole Masses only were celebrated for
the Haitian-American community throughout the Diocese
occasionally by visiting Haitian priests. In Hempstead, Father
Ramon Joseph, a native of Panama, who had some knowledge of
the French language also helped to celebrate Masses for the
Haitian parishioners at Our Lady of Loretto and Saint Martha.
In January 1990, through the office of Black Catholics
Ministry, Fr. Moise Aime was the first Haitian priest to be
assigned by Bishop John R. McGann to minister to the
Haitian-American Community on Long Island. Father Moise
gathered the pre-existing parish based groups and developed a
structure that enabled him to serve seven different
communities in Nassau and Suffolk. Masses were then celebrated
weekly on Sundays in Nassau County at St. Brigid’s Church in
Westbury and in Suffolk County at St. Anne’s Church in
Brentwood. Masses were also celebrated bi-monthly on Saturday
nights in different churches of the Diocese such as St. Martha
in Uniondale, Our Lady of Loretto in Hempstead, St. Hugh of
Lincoln in Huntington Station, St. Francis of Assisi in
Greenlawn.
In the late 1990’s, Fr. T. Peter Ryan, then the Pastor of St.
Boniface in Elmont, realizing the huge presence of
Haitian-Americans in Elmont, requested that Father Moise
consider the inclusion of his parish Community in the Haitian
ministry. Consequently Fr. Moise initiated a monthly Mass on
the Fourth Sunday of the Month at St. Boniface.
A few years later at the request of Msgr. John Cervini a
monthly Mass was also celebrated on Sunday for the Haitian
Community at Our Lady of Miraculous Medal in Wyandanch.
By 1993, Bishop McGann recognized the Haitian-American
Apostolate Ministry as a distinct entity. The inception of the
Haitian-American Apostolate Ministry (HAAM) was made possible
though the leadership of Father Moise Aime and the joint
efforts of lay people from the different parish communities.
At that time, recognizing the need for lay leadership Fr.
Moise recommended Maryse Emmanuel-Garcy as the administrative
assistant for the HAAM.
With the increase in demand for services such as Marriage,
Funerals, Baptisms and counseling the need for more Creole
speaking ministers became evident. Hence in September of 1997,
through the Haitian-American Apostolate Diocesan Office,
Bishop McGann assigned additional Haitian priests to minister
to the Haitian-American Community in the different parishes of
the Diocese of Rockville Centre on Long Island. Since then,
many services became accessible to the Haitian Community.
Currently five Masses are celebrated every Sunday in Creole /
French throughout the Diocese.
L’HISTOIRE DES HAÏTIENS-AMÉRICAINS CATHOLIQUES À LONG
ISLAND (FRENCH)
Les Haitiens- Américains font partie du Diocèse de Rockville
Centre depuis plus de trente ans. Ils se trouvent dans presque
toutes les villes de Long Island. Bon nombre d’entre eux
vivent spécialement à Elmont, Uniondale, Baldwin, Hempstead,
Westbury, Amityville, Wyandanch, Huntington Station, Greenlawn
et Brentwood. En général la majorité de ces Haitiens
habitaient auparavant dans les grandes villes comme New York,
New Jersey et Connecticut où ils avaient l’opportunité de
pratiquer leur foi catholique. C’est pouquoi même après leur
arrivée à Long Island, malgré la distance, ils continuèrent de
retourner dans leurs paroisses habituelles pour satisfaire
leur besoin spirituel dans leur langue natale et leur culture.
Avec le temps il devenait nécessaire pour eux de s’établir
plus près de chez eux. Ainsi, ils commencèrent à former des
groupes de prière chez eux, à organiser des fêtes votives et
des messes dans différentes paroisses de Long Island.
C’est ainsi qu’en juillet 1979, un groupe
d’haïtiens-américains qui, en majorité venaient du nord
d’Haïti où il existe une dévotion particulière à Sainte Anne,
organisèrent une première messe pour la fête de Sainte Anne à
Brentwood. Depuis lors, la Communauté Haïtianno-Américaine de
Brentwood et des environs adoptait Sainte Anne pour leur
paroisse.
En juillet 1983, la communauté haïtienne de Westbury célébra
une première messe à la Chapelle de l’école de Sainte
Brigitte.
En 1985, un haïtien-américain a été ordonné diacre pour la
paroisse de Saine Anne. Pendant plusieurs années il aida aussi
pour la célebration des mariages et baptêmes en créole et en
français dans les paroisses avoisinantes.
En 1986 , un autre groupe commença avec des réunions de prière
chez eux à Huntington Station et Greenlawn. Ensuite Il
s’établit dans les paroisses de Saint Hugues de Lincoln à
Huntington Station et de Saint François d’Assise à Greenlawn.
Vers 1987, un autre groupe d’haïtiens-américains fit de même à
Uniondale et se fixa à l’église de Sainte Martha à Uniondale
et à Notre Dame de Loretto à Hempstead.
De 1985 à 1990, la Communauté Haïtiano-Américaine célébrait
occasionellement la messe avec des prêtres haïtiens qui
étaient de passage. Pendant un temps, la Communauté
Haitiano-Américaine de St. Martha et de Notre Dame de Loretto
avait le concours de Père Joseph Ramon, un prêtre d’origine
panaméenne qui se débrouillait assez bien en français.
En janvier 1990, à travers le bureau des Catholiques Noirs,
l’Evêque John R. McGann nomma le Révérend Père Moïse Aimé,
premier pretre haitien, pour s’occuper de la Communauté
Catholique Haitiano-Américaine de Long Island. Père Moïse
rassembla alors tous les groupes informellement établis dans
de diverses paroisses et développa une structure pour servir
la Communauté Haitienne de Nassau et Suffolk. Vers la fin de
l’année 1990, sur demande de Père Peter Ryan, le curé à
l’époque de St. Boniface à Elmont, Le Père Moïse inclua la
communauté haitienne de cette paroisse dans son ministère.
Depuis lors, les messes hebdomadaires se disaient à l’église
de Ste. Brigitte à Westbury pour les haïtiens de Nassau, et à
Sainte Anne à Brentwood pour ceux de Suffolk. Il y avait
également des messes bimensuelles ou mensuelles dans
différentes églises à travers Long Island: Sainte Martha à
Uniondale, Notre Dame de Loretto à Hempstead, Saint Boniface à
Elmont, Saint Hugues de Lincoln à Huntington Station, St.
François d’Assise à Greenlawn et Notre Dame de la Médaille
Miraculeuse à Wyandanch.
En 1993, l’Evêque John R. McGann reconnut l’Apostolat
Haïtiano-Américain comme une entité distincte. L’émergence de
l’Apostolat Haitiano-Américain à Long Island est le résultat
du leadership de Père Moïse Aimé et les efforts des
collaborateurs laïcs des différentes paroisses. Au cours de
cette même année, Père Moïse nomma Maryse Emmanuel-Garcy comme
son assistante. En 1994, une haïtienne-américaine de la
paroisse de l’Enfant Jésus a été reconnue comme “trustee” à
Woodbury.
En septembre 1997 par l’intermédiare du bureau Diocesain de
l’Apostolat Haitiano-Américain le Révérend évêque John R.
McGann assigna trois autres prêtres d`origine haïtienne au
service de la Communauté Haïtiano-Américaine de Long Island.
Aujoudhui 5 messes sont celebrees chaque dimanche pour la
Communaute Haitiano Americaine dans le Diocese.
Click here to go back to the top

|