Haitian-American
      Apostolate Homepage

   Services and Activities
  Community Mass          Schedules
  Comments/Contact Us 

 

 

Helpful Website Links:
   Spiritual
    - Y/YA website
    - www.Zenit.org
    - www.JeanPaul2.cef.fr
    - L'Evangile au Quotidien
    - Spiritdaily.com    
    - www.Perecampion.com   
    - www.radiosoleil.org
    - www.wau.org

   Social
 - www.hatianconsulate-nyc.org
 - www.haitimonde.com 
 - www.melodiefmhaiti.com

 


OUR LOGO / NOTRE EMBLEME / LOGO NOU AN


LOGO NOU AN (Creole)
Imaj sa a reprezante anblèm Apostola Ayisyen an nan diosèz Ròkvil Sant ki nan Long Island. Se yon jèn atis Ayisyen, Ivon Jean, ki te desine imaj sa a nan ane 1993 pou tradwi vizyon Apostola Ayisyen an. Depi lè a nou adopte imaj sa a kòm logo , anblèm nou. Chak senbòl ki nan logo a tradwi yon lide pou envite nou viv chak jou sa nou ye kòm kretyen Ayisyen kap viv lafwa li ansanm ak lòt pèp lòt nasyon yo ki fòme kò Kris la nan long Island. Imaj sa a rejwen motto Apostola a ki soti nan Efezyen 4, 4-6: “ Yon sèl Bondye, yon sèl Lafwa, yon sèl Batèm, yon sèl Bondye ki Papa nou tout.” Konsa lè nou kade logo a nap wè:

KWA A nan mitan ki fè nou sonje Jezi, sovè nou, gran frè nou, poto mitan, ki mande nou pou nou fiske je nou sou li, rete kole sou li.
KE A nan ne kwa mande nou pou nou viv renmen Bondye gen pou nou an youn ak lòt, pou nou renmen tankou Jezi.
FANMIY LA fè nou sonje ke nou se manm menm fanmiy la, yon sèl Bondye ki Papa nou tout.
KOLONB LA , se siy Lespri Sen an kap pote lapè pou nou, pou ede nou kraze tout fòs ki ta vle mete lagè nan mitan nou.
SOLEY LA , sous limyè, sous lajwa, sous lavi kap chofe nou pou nou pote limyè bay lòt yo.
PYE KOKOYE A, fwi peyi lakay, fwi tè a ki mande nou pou nou donnen bon fwi.
TANBOU A, enstwiman pou nou fè lwanj ak konpliman pou Bondye ansanm ak ZANJ YO.
ASYET LA anba pye kwa a, ak men tout koulè yo, rasanble nou, bò tab la kòm manm yon sèl fanmiy Bondye, kelkeswa ras nou, kilti nou, pou nou manje nan menm pen, bwè nan menm diven an.
 
Se pou nou toujou lapriyè pou Bondye Papa a, Pitit la ak Lespri Sen an ede nou viv vizyon sa andan kè nou, nan lavi nou , dekwa pou nou ka gaye li nan fanmiy nou, nan kominote nou ak nan sosyete a jis nou rive al viv li ansanm lakay Papa nou nan syel la.


OUR LOGO (English)
This logo, adopted in 1993, ties in with our motto taken from Ephesians 4: 4-6. : “One Lord, One Faith, One Baptism, One God, One Father of All”. We are very grateful to Yvon Jean, a young Haitian artist for his expression of HAAM’s vision. Each symbol in the logo calls us to reflect its singular significance.

THE CROSS in the center is the sign of Jesus, our Savior, our Brother, The Center of our lives.
THE HEART in the middle of the Cross stresses Jesus’ love for us and His command to love one another as He loved us.
THE FAMILY reminds us that we are of the same family of God, One Father for All.
THE DOVE, sign of the spirit, brings us peace.
THE SUN, the source of light, source of life, invites us to be light for others.
THE COCONUT TREE, a tropical fruit, fruit of the earth, calls us to bear fruits.
THE DRUM, one of our musical instruments used to Glorify God together with the Angel.
THE UNITY PLATE invites all of God’s children, people of all races or ethnic background to be One Bread, One Body around the table.

Let us continue to pray so that we will live that vision in our hearts and our lives, and to share it with others in our families, our Church and the World.
 

 

Click here to go back to the top

 






 Last Updated     © Diocese of Rockville Centre